Carel in the Morning Podcast-logo

Carel in the Morning Podcast

Media & Entertainment Podcasts

Welcome to 'Carel in The Morning: The Podcast,' where you can catch all of the engaging and informative interviews from Chokarella's morning drive show. In each episode, host Carel sits down with a variety of guests, from musicians and actors to business owners and public figures. With his warm and friendly personality, Carel brings out the best in his guests and leaves you feeling inspired and informed.

Location:

United States

Description:

Welcome to 'Carel in The Morning: The Podcast,' where you can catch all of the engaging and informative interviews from Chokarella's morning drive show. In each episode, host Carel sits down with a variety of guests, from musicians and actors to business owners and public figures. With his warm and friendly personality, Carel brings out the best in his guests and leaves you feeling inspired and informed.

Twitter:

@chokarella

Language:

English

Contact:

7862501768


Episodes
Ask host to enable sharing for playback control

Taïja ak Paska ap prezante “Lontan” – Yon kolaborasyon ant Ayiti ak Guyàn!

5/9/2025
Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, nou resevwa Taïja, yon atis ki sòti Guyàn ak Matinik, ki vin prezante kolaborasyon li ak Paska sou mizik “Lontan”. Yo pale sou jan yo rankontre, koneksyon yo ak kilti ayisyèn, lanmou yo gen pou konpa, ak tout bèl eksperyans yo pandan y ap mete pwojè sa sou pye la te filme Guyàn, epi li pote yon mesaj sou lanmou, inite, ak respè ant kominote kreyòl yo. Pa rate entèvyou sa ki ranpli ak enèji pozitif, vizyon, ak pasyon pou mizik Karayib la!

Duration:00:38:28

Ask host to enable sharing for playback control

Richie: 13 Ane Klass, Pwochen Albòm Solo, ak Rèv pou 75 Ane Konpa

5/2/2025
Pou 13yèm anivèsè Klass, Mayestwo Richie chita pale ak Carel! Nan entèvyou sa a, li pale ak tout franchiz sou sòti li nan Zenglen, kreyasyon Klass, difikilte ak siksè li rankontre, relasyon li ak lòt atis, enpòtans dwa dòtè, epi vizyon li pou avni mizik ayisyen an epi rèv li pou selebre 75 an Compas ak tout jenerasyon yo ansanm sou menm sèn.

Duration:01:16:39

Ask host to enable sharing for playback control

Nadege Fleurimond ap rezante Haitian Restaurant Week

4/29/2025
Nan bèl konvèsasyon sa a, chef, otè, ak antreprenè Nadege Fleurimond rakonte pakou li pou mete kilti Ayisyen an an valè atravè manje. Soti nan liv Haiti Uncovered rive nan kreyasyon Haitian Restaurant Week, Nadege montre kijan gastronomi kapab sèvi kòm zouti diplomasi, devlopman biznis, ak fyète nasyonal.Nan videyo sa a, w’ap tande: • Kijan li te ranmase plis pase $70,000 pou pibliye Haiti Uncovered • Kijan li òganize vizit kiltirèl ann Ayiti malgre enstabilite • Kijan li sèvi ak manje kòm pon ant Ayisyen ak rès mond lan • Enpòtans disiplin, pwofesyonalis ak maketing nan biznis Ayisyen • Diferans kominote Ayisyen Florid ak Nouyòk • Lansman liy epis li ak lòt pwojè

Duration:00:55:07

Ask host to enable sharing for playback control

Mirline Dort ap prezante “Sa Se Mwen” — Yon istawa kote kouraj, doulè, ak lanmou rankontre.

4/28/2025
Yon ti moman enspirasyon ak Mirline, otè liv “Sa Se Mwen”, kote li rakonte batay li kòm yon jèn manman, sòlda, ak fanm ki simonte doulè lavi. Nou pale sou adopsyon pitit li, batay li ak sante mantal, rekonstriksyon lavi li, ak lafwa ki pèmèt li kenbe tèt.

Duration:00:31:46

Ask host to enable sharing for playback control

Wildine Aumoithe: Rekò Mondyal Guinness, Modèl & Fyète Ayisyèn 🇭🇹✨

4/23/2025
Dekouvri istwa ekstraòdinè Wildine Aumoithe—yon jèn fanm Ayisyèn-Amerikèn ki kenbe 2 rekò mondyal Guinness kòm fanm pi kout ki pa ka deplase ak pi kout modèl pwofesyonèl nan mond lan.Nan entèvyou sa a, li pataje istwa li: kòman li adapte nan yon mond ki pa fèt pou li, kijan li antre nan domèn fashion ak kontni kreyatif, epi kijan li itilize reyalite li pou enspire lòt moun.Wildine ap etidye graphic design, li deja defile nan New York Fashion Week, li sonje vizit li nan Ayiti, epi li di li ouvè pou parèt nan videyo mizik ayisyen.Li rakonte pasyon li pou mizik (li te chante nan yon gwoup), lanmou li pou Bedjine, K-Dilak, Misty Jean, ak J-Beatz, epi rèv li pou bay yon TEDx Talk sou mode ak enklizyon.

Duration:00:36:38

Ask host to enable sharing for playback control

Alexandre Ade, Project Manager Haitian Compas Festival la, ap bat tout detay sou 27yèm edisyon an

4/22/2025
Nan entèvyou sa a, Alexandre Ade mete limyè sou 27yèm edisyon Haitian Compas Festival la. Li rakonte eksperyans li depi li te kòmanse kòm volontè, rive jodi a kòm Project Manager prensipal. Li dekri tout sa ki ap vini pou edisyon ane sa a: lineup atis yo, plan sekirite, inovasyon nan planifikasyon, ak objektif pou mete nouvo jenerasyon an devan. Yon ti rale anndan tout sa k ap fèt pou bay piblik la pi bon eksperyans posib pandan Fèt Drapo a nan Miami.

Duration:00:49:53

Ask host to enable sharing for playback control

Gandhi "LeMetronome" prezante 3 nouvo liv sou Pwezi, Byen-èt ak Espitrityalite

4/21/2025
Nan entèvyou sa a nan Carel in the Morning, Gandhi “LeMetronome” prezante 3 liv li pral sòti ki baze sou eksperyans pèsonèl li. Li rakonte istwa dèyè Je pleure avec plaisir, yon liv pwezi ki pale sou emosyon, lanmou ak fragilite. Li pale de dezyèm liv la sou byen-èt natirèl, sante ak medsin fèy. Twazyèm liv la fouye pi fon sou espirityalite, koneksyon ak lanati, ak leson lavi ki soti nan tradisyon diferan.

Duration:01:25:16

Ask host to enable sharing for playback control

Paul Beaubrun: Mizik ak J. Perry pou July 7, Albòm ak Dadi, Festival Jazz Montréal ak plis ankò

4/18/2025
Paul Beaubrun pataje tout sa li ap prepare pou ane 2025. Li pale de mizik li fè ak J. Perry pou fim July 7, ki ap sòti 16 me nan tout sinema Ozetazini. Li revele yon nouvo kolaborasyon ak tonton li Dadi Beaubrun, yon pwojè ki melanje son rasin ak yon nouvo vizyon modèn. Paul ap monte sou sèn Festival de Jazz de Montréal epi li ap mete deyò nouvo mizik ki montre evolisyon li kòm atis.

Duration:00:48:03

Ask host to enable sharing for playback control

Claude Mancuso: Istwa premye fim kreyòl ayisyen, Languichatte ak dokimantè “Haiti Proud”

4/15/2025
Nan entèvyou sa a, Carel Pedre resevwa Claude Mancuso, yon pyonye ki make istwa sinema ak televizyon an Ayiti. Li rakonte kijan li te kreye “Ala Mizè pou Rodrigue”, premye fim kreyòl ayisyen ki te chanje tout apwòch sinema lokal la, eksperyans li ak Rodrigue Millien, Languichatte, Boukman Eksperyans, ak lòt atis ki make tan lontan. Li pataje tou vizyon li pou dokimantè “Haiti Proud”, yon fim ki vize mete limyè sou kontribisyon pozitif Ayisyen yo atravè mond lan. Entèvyou sa se pa sèlman yon vwayaj nan tan, men tou yon apèl pou Ayisyen tout kote pran kontrol sou naratif yo epi soutni yon pwojè ki ka fè Ayiti briye. Ale sou HaitiProud.com pou sipòte dokimantè a.

Duration:01:06:24

Ask host to enable sharing for playback control

Ama Makeda ap prezante Abey Wayal – yon gam pwodwi pou sante ki fèt ak myèl ak plant medisinal

4/14/2025
Nan epizòd sa a, Ama Makeda ap prezante Abey Wayal, yon seri pwodui natirèl ki fèt ak myèl ak plant medsin pou ede nou viv pi byen. Li pale sou kijan li konbine konesans li kòm apikultris, alchimis, ak fanm ki pratike medsin holistik pou kreye pwodwi sa yo ki soutni sante fanm ak gason.Li pataje vizyon li sou manje konsyan, wòl myèl nan tretman natirèl, ak jan remèd lakay kapab pi efikas pase medikaman chimik. Li mete aksan sou eksperyans li kòm fanm ki soti Ayiti, ki viv Monreyal, epi k ap bati yon pon ant tradisyon ak syans.

Duration:01:09:38

Ask host to enable sharing for playback control

Angie Bell: Yon Fanm Okap K ap Travay pou Pwomosyon Kilti ak Edikasyon

4/11/2025
Nan epizòd sa a nan Carel in the Morning, mwen chita pale ak Angie Bell, yon fanm ekstraòdinè ki kite tout bagay pou l retounen viv Okap epi mete tout enèji li pou ede chanje Ayiti. Angie se yon otè, yon antreprenè, yon aktivis, yon fanm k ap travay nan kilti ak edikasyon. Li se fondatè òganizasyon Poubel Ayiti, li ap dirije yon lekòl fanmi li te mete sou pye depi 36 ane, epi li lanse yon inivèsite ak yon pwogram espesyal sou lidèchip ak gouvènans pou fòme nouvo jenerasyon lidè Ayiti bezwen.Li kwè tout chanjman ki nesesè pou Ayiti dwe kòmanse nan edikasyon. Nan epizòd sa a, li rakonte istwa li, vizyon li pou lekòl, difikilte ak defi ki gen nan kesyon fatra nan vil Okap, angajman li nan devlopman kominotè, ak rezon ki fè li retounen lakay.

Duration:01:01:15

Ask host to enable sharing for playback control

Riva Précil ap prezante Enkantasyon | Yon Vwayaj Espirityèl & Mizikal

4/9/2025
Carel Pedre resevwa Riva Précil pou yon bèl konvèsasyon sou nouvo album li Enkantasyon, ki soti 28 mas 2025. Nan entèvyou sa a, Riva louvri sou mizik li, sou vodou kòm fòm espirityalite, sou enèji fanm ak sou jan li itilize libète kreyatif li pou bati yon kominote ki konekte ak rasin li kòm Ayisyèn. Li pale sou eksperyans li pandan kreyasyon album lan, entansyon li mete dèyè chak mizik, chwa koulè wouj pou postè a, ak kolaborasyon ak atis tankou Steves J Bryan, Johan Dore, ak lòt ankò. Riva ouvè kè li sou tout evolisyon li atravè tan, kòm fanm, kòm manman, epi kòm atis ki vin pi klè sou vwa pa li.

Duration:01:11:51

Ask host to enable sharing for playback control

Bayyinah Bello ap pale de komemorasyon 75 ANE KONGRÈ FANM YO AN AYITI

4/8/2025
Nan epizòd espesyal sa a, Carel Pedre resevwa istorisyèn Bayyinah Bello pou yon gwo chita pale sou 75yèm anivèsè Kongrè Fanm yo an Ayiti. Evènman sa a ap fèt soti 10 pou rive 12 avril 2025 sou Campus Henry Christophe nan Limonad. Se yon okazyon pou n sonje batay fanm yo, reflechi sou sa yo reyalize, epi mete aksan sou sa ki rete pou fè.Nan videyo sa a, yo pale sou istwa ki efase, memwa kolektif nou ki an danje, sistèm edikasyon ki pa reflechi reyalite pèp la, ak nesesite pou jèn yo re-aprann valè fanm nan batay pou libète, edikasyon, ak jistis sosyal. Bayyinah mete aksan sou jan listwa ekri pou fè n bliye, men Kongrè sa a se yon apèl pou sonje, pou òganize, epi pou bati yon pi bon demen.

Duration:00:48:11

Ask host to enable sharing for playback control

Olwith Lindor: Sèl Ayisyen ki nan Disney On Ice !

4/7/2025
Tande istwa ekstraòdinè Olwith Lindor, yon jèn gason ki fèt, grandi ann Ayiti, e ki vin tounen sèl patinè ayisyen ki fè pati Disney On Ice. Nan entèvyou sa a, li rakonte kijan li kite Ayiti pou li ale Brésil, kijan li fè fas ak tout difikilte yo, kijan li jwenn pasyon li nan patinaj sou glas, epi jan li rive fè pati youn nan pi gwo spektak mond lan. Olwith pataje tou pi gwo rèv li: tounen Ayiti ak patin li pou l enspire nouvo jenerasyon jèn ki pa janm panse sa posib.

Duration:00:43:39

Ask host to enable sharing for playback control

Ti Klod (Claude Porsenna) pale de karyè li soti nan 5-Lan, X-Tassy, Kaï rive sou Reyinyon Carimi

4/4/2025
Nan entèvyou espesyal sa a, Ti Klod rakonte tout wout li nan mizik: kòman li te kòmanse ak 5-Lan, eksperyans li ak X-Tassy, wòl li nan Kaï ansanm ak Richard Cavé, epi kòman li vin travay nan Reyinyon Carimi.

Duration:01:21:36

Ask host to enable sharing for playback control

Kareen Ulysse kite tout bagay pou al jere yon lopital nan Cité Soleil

4/3/2025
Gheriane “Kareen” Ulysse se yon fanm ekstraòdinè ki te kite lavi konfòtab li Ozetazini pou l tounen Cité Soleil, Ayiti, epi kontinye travay papa li te kòmanse: Centre Hospitalier de Fontaine. Nan entèvyou sa a ki plen emosyon, Kareen rakonte sakrifis li fè kòm manman, pitit fi, ak lidè. Li pataje jan li jere lopital la, jan li jwen finansman, epi jan li kontinye batay chak jou pou amelyore lasante ak edikasyon nan kominote ki pi marginalize yo. Misyon li se mete yon lopital ak yon inivèsite nan chak depatman an Ayiti, epi kreye yon sistèm ki fonksyone, ki fyab, e ki bay moun espwa.

Duration:00:49:19

Ask host to enable sharing for playback control

Francis Mercier : Yon DJ Ayisyen ki ap briye sou sèn entènasyonal la

4/2/2025
Nan entèvyou eksklizif sa a, Francis Mercier rakonte karyè li soti Boudon, Ayiti rive sou pi gwo sèn mondyal yo. Li pataje jan li kenbe rasin li pandan li mete mizik ayisyèn sou beat elektwonik. Li pale de kolaborasyon li ak atis entènasyonal yo, eksperyans li nan festival atravè lemond, defi li ap fè fas, epi vizyon li pou lavni.

Duration:01:19:37

Ask host to enable sharing for playback control

Marc Alain Boucicault sou paternite, BANJ 4.0, ak reyalite viv lwen Ayiti

4/1/2025
Nan konvèsasyon sa a nan Carel in the Morning, Marc Alain Boucicault louvri kè li sou eksperyans li kòm papa, kòm lidè, epi kòm sitwayen ayisyen k’ap viv deyò peyi a. Li rakonte kijan li te kite Ayiti pou al etidye, jan li jere lavi fanmi li pandan li tap travay nan MIT e dirije BANJ.

Duration:01:31:09

Ask host to enable sharing for playback control

Lindsay François (The Children’s Trust) ap prezante konkou " Young Talent Big Dreams"

3/27/2025
Nan entèvyou sa a, Lindsay François, Media Manager nan Children’s Trust, ap prezante pwojè espesyal “Young Talent Big Dreams”. Li eksplike kijan inisyativ sa ede timoun ak jèn Ayisyen nan Sid Florid, ki gen laj 8 rive 18 lane, devlope talan yo nan mizik, dans, pwezi ak lòt domèn atistik. Lindsay pataje objektif prensipal Children’s Trust genyen pou sipòte kominote Miami Dade nan defi yo rankontre, ansanm ak enpòtans opòtinite sa yo pou avni jèn nou yo.

Duration:00:24:48

Ask host to enable sharing for playback control

Endometriyoz: Ruth Lainé rakonte batay li ak doulè ki pa nòmal

3/26/2025
Pou mwa mas, nou mete limyè sou endometrioz, yon maladi ki afekte anpil fanm men ki souvan neglije. Nan epizòd sa a, Ruth Lainé, yon jèn fanm ayisyèn k ap viv Ozetazini, pataje istwa pèsonèl li ak tout batay li ap mennen chak jou ak maladi sa a.Li pale sou doulè li te konn sibi pandan règ li, difikilte pou jwenn yon dyagnostik, operasyon li te oblije fè, ak jan sa afekte lavi li kòm fanm, kòm pwofesyonèl, ak kòm moun.

Duration:01:09:09